Devlope konpetans pou travay, jere epi evolye nan yon antrepriz.
Rekonèt pa Leta Ayisyen. Yon fòmasyon ki pèmèt ou valide konpetans ou nan Gestion des Affaires.
Pwogram nan gen apwobasyon CPD pou devlopman pwofesyonèl entènasyonal.
Yon antrepriz bezwen moun ki kapab òganize, planifye, sèvi kliyan, jere operasyon, travay ak ekip, suiv finans epi rezoud pwoblèm. Se egzakteman pou sa nou kreye pwogram Gestion des Affaires la.
Ou pral aprann kijan diferan depatman yon antrepriz fonksyone epi devlope konpetans ou kapab aplike nan yon travay, nan yon pozisyon jesyon, oswa nan pwòp biznis ou.
Fòmasyon an devlope konpetans ki itil nan plizyè fonksyon antrepriz.
Ou vle devlope konpetans pratik ki itil nan administrasyon, operasyon, sèvis kliyan, resous imèn, vant ak lòt fonksyon nan yon antrepriz.
Ou vle pran plis responsabilite, vin sipèvizè, responsab ekip, oswa prepare w pou yon pozisyon nan jesyon.
Ou vle vin pi fò nan òganizasyon, planifikasyon, jesyon kliyan, pwosedi, ekip ak operasyon.
Ou bezwen konprann finans, operasyon, maketing, anplwaye ak estrateji pou jere biznis la ak plis metòd.
8 modil pratik. Chak modil ajoute yon moso nan dosye pwofesyonèl ou.
Konprann kijan yon antrepriz fonksyone, diferan depatman li yo ak wòl yon bon jesyonè.
Travay pratik → Analiz yon antreprizAprann travay ak misyon, vizyon, objektif SMART, SWOT, analiz mache, konkirans ak plan aksyon.
Travay pratik → Plan estratejikÒganigram, deskripsyon pòs, dokiman administratif, jesyon tan ak SOP (pwosedi estanda).
Travay pratik → Òganigram + SOP pwofesyonèlKonprann revni, depans, pri, bidjè, kès, rezilta ak rantabilite.
Travay pratik → Bidjè previzyonèlKonprann kliyan sib, pwopozisyon valè, maketing, pwosesis vant, sèvis kliyan ak fidelizasyon.
Travay pratik → Plan maketing ak komèsyalAprann jere aktivite chak jou, acha, founisè, stock, kalite, kòmand, livrezon ak plent kliyan.
Travay pratik → Pwosesis operasyonèlRekritman, fòmasyon, motivasyon, evalyasyon pèfòmans, jesyon konfli ak sipèvizyon ekip.
Travay pratik → Fich pòs + evalyasyon pèfòmansKonprann estrikti legal, obligasyon antrepriz, kontra, risk, kontinwite aktivite ak estrateji kwasans.
Travay pratik → Plan jesyon riskAprann sèvi ak zouti tankou ChatGPT pou prepare imèl pwofesyonèl, reponn kliyan, kreye SOP, prepare rapò, òganize enfòmasyon ak kreye kontni maketing. Objektif la se konnen kijan pou itilize AI nan travay ou.
Travay pratik → 5 prompt AI pare pou travay ouAntreprenè ayisyen, ansyen pwofesè inivèsite ann Ayiti, epi etidyan Ed.M. nan Harvard Graduate School of Education. Mike bati plizyè antrepriz, soti nan edikasyon rive nan komès elektwonik, epi li pral montre w menm metòd li itilize pou jere yo chak jou.
Pandan 8 modil yo, w ap fè travay pratik ki pèmèt ou konstwi yon Dosye Pwofesyonèl Gestion des Affaires.
Ou kapab itilize travay sa yo pou demontre konpetans ou, aplike sa ou aprann nan travay ou, oswa adapte yo pou pwòp antrepriz ou.
Yon fòmasyon pwofesyonèl ki pèmèt ou valide konpetans ou nan Gestion des Affaires.
Pwogram nan genyen apwobasyon CPD pou fòmasyon ak devlopman pwofesyonèl.
Nou pa vle sèlman ba w videyo pou gade. Nou vle ede w devlope konpetans ou kapab itilize nan lavi pwofesyonèl ou.
Non ak logo yo reflete pwogram ak resous Kaw Academy patisipe ladan yo oswa itilize, jan chak òganizasyon dekri sa tèt li.
Ou ka peye ak MonCash, NatCash, Sogebank oswa Zelle. Apre w fin ranpli fòm nan, w ap resevwa tout detay peman yo nan gwoup WhatsApp la.
Wi. Tout kou a fèt pou mache sou telefòn, menm ak yon koneksyon ki pa twò fò. Ou ka gade videyo yo nenpòt lè, nenpòt kote.
Kou a dire 3 mwa. Li kòmanse 15 septanm 2026. Ou avanse nan pwòp ritm ou, ak yon gwoup ak yon lidè k ap ede w rive nan bout.
Wi, lè w fini kou a, w ap resevwa Diplòm Kaw Academy nan Gestion des Affaires, rekonèt pa Leta Ayisyen, ansanm ak yon pwogram ki gen apwobasyon CPD pou devlopman pwofesyonèl entènasyonal.
Wi. Kou a bon ni pou moun k ap prepare antre nan mond travay la, ni pou moun ki gen biznis deja, ni pou moun k ap travay nan administrasyon yon antrepriz.
Wi. Anplis modil yo w ap swiv nan pwòp ritm ou, gen sesyon LIVE ak pwofesè yo kote w ka poze kesyon dirèkteman.
Apre 16 out, pri a monte a 15,000 HTG. Enskri kounye a pou w pwofite pri espesyal 7,000 HTG la.
Ranpli fòm nan. W ap resevwa tout enfòmasyon sou peman ak aksè nan gwoup WhatsApp ofisyèl la.
Pri espesyal: 7,000 HTG jiska 16 out (15,000 HTG apre) · Kou a kòmanse 15 septanm 2026 · 250 plas sèlman
Dènye etap: antre nan gwoup WhatsApp ofisyèl la pou w jwenn enstriksyon peman yo ak tout mizajou sou kou a.
Antre nan gwoup WhatsApp la